Reaji vit
Ou gen 72 èd tan pou ou réaji ; se avni ou ki an danjé
Ale wè yon doktè touswit
 |
Yon kadejak ka lakòz yon grosès ou pa t swete ak enfeksyon pran nan fé s1eks tankou VIH/SIDA. Ou aka evite danje sa yo si ou al wè yon dokt`'e tousswit apre agresion wan
Doktè a kapab preskri ou medikaman kika anpeche w tombe ansent, pan yon ist oswa VIH/SIDA. |
|
Lè yo fòse yon fann fè sèks, gen tras ki ka rete (espèm ak ti blese ozalantou vajeb an). Men tras sa yo disparèt vit , se pou sa fòk ou al wè yon doktè touswit !
Si li posib, al wè doktè a, san ou pa benyen dekwa pou ou pa efase prèv yo, epi si ou kapab, pote rad ou te gen sou ou yo lè ou te viktim kadejak la.
Nenpòt doktè ki gen lisans kapab bay yon sétifika k ap pèmét ou kòmanse demach legal yo
Pandan vizit medikal la mande setifika medikal ou, se dwa ou ! |
Fòk ou pale
 |
Okenn moun pa gen 100% proteksyon kont vyolans seksiyèl . se yon zak vyolans dwa moun, ou pa dwe wont. Si ou viktim zak vyolans seksiyèl , pa mete kò ou apa.
Chèche sipò ah èd nan men yon zanmi, nan men yon moun nan fanmi ou , nan yon organisiyon fanm oswa nan men yon moun ou fe konfiyans.
ENPÒTAN
Ou kapap kontakté òganisasiyon fanm tou ak kèk asosyasyon ki kapab koute ou, oubyen ba ou yton èd sokolojik ak enfòmasiyon sou dwa ou ak demach pou ou fè
|
Rantre an kontak al otorité legal yo , la lwa deja pou ou.
 |
Pa pran tan pou ou pote plent ; al wè otorite legal yo touswit (lapolis, jijdepè, eksetera). Y ap ka pèmèt prepere dosye legal ou a ak dokiman nou pral site la :
- Sètifika medikal doktè
- Rapò sou plent ou fè bay lapolis oswa jijdepè a
Yon dosye yon òganizasyon fanm aswa yon òganizasyon dwa moun prepare apre agresyon seksyèl la kapab itil ou tou nan demach egal yo. |
|
|