Kisa yon violans seksiyèl ye ?
Nenpòt ki zak seksyèl (nan vajen, nan bouch oswa nan dèyè, sou tete , sou kò en general ) ki fèt ak vyolans, kit se fòse yo fòse viktim nan, kit se nan kou siprann yo pran'l, san'l pa dakò, tout ka sa yo se vyolans seksyèl.
Ki moun ki viktim vyolans seksyèl ?
Nenpòt ki moun ka viktim vyolans seksyèl nenpòt kil è.
Ki moun ki komèt vyolans seksyèl ?
Moun ou konnen (mari / patnè oubyen moun nan fanmiw oubyen moun kir et bò lakay ou),moun ou pa konnen (vòlè,bandi,elatriye),men gen pafwa reprezantan otorite yo tou (polisye,pwofesè,pè /pastè,eksters).
Enpòtan :
Patnè a pa gen dwa, nan okenn sityasyon, fòse madanm li fè sèks avè li si fanm lan pa vle!
Si mari ou vyolan, ou ka mande pou yo mete li deyò lakay ou paske lwa yo pa tolere vyolans an'n dan fanmi. |