Pè saw fè
Pa pè siw pa fè
Pou w pa wè tout koulè
Jouk w’al anbatè
Ou menm ki wè la vi a wòz
Wap gade lajè Ivoz ak Mariwoz
Ou pa vle al nan POZ
Piga demen w di se yok lakoz
SIDA ap taye banda
Pou manman ak papa
Ou pat janm vle panse ak sa
Sak ta di sa: pou se ou k ta la
Banda kou w banda krenn rèvè
Lamizè pa janm fè moun favè
Sitou lè wap gade ladwèt pouw
bliye lanvè
Bwè nan vè respekte vè
Se vre tout moun bèl
Men genyen k fèl pa di zafèl
fòn ka kwèl
Si-n pa vle wè joudlan anvan nwèl.
Janbatis