spacer
poz-sida Promoteur Objectif ZéroSida
accueil Plan du Site mail espace membre forum
poz-sida
   

Espace Jeune

Renmen laviw

Si ou pa t konnen kilè w te fèt
E ke ou pa ka konn anfèt
Ki jou ,ki dat wap disparèt
Pouki pou ou nan grate tèt ?
Sa ki te fèt ayè fèt nèt
Pa gen rezon pou w pèdi tèt
Nan lespri w wap mennen ankèt
Pran yon bagay fè yon parèt

Si se sa moun ap di kifè w mwèt
Kap rache kèw ak kout manchèt
Poze,respire,fè tèt frèt !
Nan yon ti tan yap fini nèt
Pou yo pa janmè reparèt.
Ou konprann ?Pa di w se valèt se ou  k toujou ap pran chaplèt
Ou bezwen konn yon bagay petèt :

Lavi se tankou yon milèt
Ki gen sou do li de pakèt
Youn genyen dèy, lòt la se fèt
Lè se moman nwa yo ka parèt
Pa fè twòp fòs,gonfle ponyèt
Ni pa panse ou ka koupe tèt
Sa bezwen nan ou tou fèt


spacer spacer spacer
spacer
Copyright © 2006 Promoteurs Objectfs ZeroSida - Tous droits réservés - Webmaster : Ricardo R. Manigat